powered by

Seri radio

1. Trafik timoun

Phares Jerome ak Conrad Fox

Trafik moun se yon gwo pwoblèm nan peyi Dayiti. Fwontyè ki separe Ayiti ak Repiblik Dominikèn se zon trafikan yo plis itilize pou fè aktivite sa a, daprè sa a anpil rapo fè konnen. Bokbanik, yon seksyon nan Komin Tomasik nan komin Ench se you n nan kote otorite yo sispèk trafik moun lan fèt anpil. Moun kapab menm konstate chak lendi epi chak vandredi, gen plizyè dizèn jenn gason, jenn fanm ak Timoun ki rasanble nan Bokbanik pou ale St Domeng. Pou kek otorite se vwayaj kap fèt anba fil, pou lot otorite se trafik moun. Jounalis Conrad Fox ak Pharès Jerome te vizite Bok Banik epi pale ak anpil otorite nan vil Ench sou trafik moun nan peyi a nan kad repotaj sa a.


2. Fatra gen lò

Phares Jerome ak Conrad Fox

Johnson Desauguste, yon jèn Ayisyen kap viv nan peyi Etazini depi 2013, kreye yon antrepriz ki achte tout kalite fatra plastik moun jete nan lari. Nou te vizite antrepriz sa a ki rele Kay Blada resiklaj ki twouvel nan vil Inche nan deptman Sant. Plizyè dizèn moun ki pa gen gwo mwayen ranmase fatra yo epi al vann yo bay antrepriz la. Sa a pèmèt yo jwenn kichoy pou yo manje.


3. Ze contrebande

Michel Joseph

Ze ki souvan enpòte-ilegalman - an Ayiti nan Repiblik Dominikèn. Sot ze yo bon mache e yo vin pi fasil pou jwenn. Komès ilegal sa a gen yon efè negatif sou pwodi lokal, men li persiste figi regilye tantativ pou kanpe li. Menm jan nou swiv ze (pa lajan) nou wè ki jan yon bagay konsa tou senp senbolik pi fò nan problèmes ekonomik Ayiti a pati.


4. Fanm kap viv ak yon andikap

Vanessa Legere

Repòtaj sa rakonte listwa 3 jenn fanm kap viv ak yon andikap. Yo chak rankontre plizyè difikilte, swa pou travay, osinon al lekòl. Gen Nan yo ki sibi diskriminasyon, e ki pa gen mwayen ekonomik. Pi gwo pwoblèm yo, se sikile nan lari potoprens. Se komsi yo pa ta gen plas yo nan sosyete ayisyèn lan. Poutan lalwa fè konnen moun sa yo gen menm dwa ak tout moun. Sitou pou kesyon anviwonman an. Repotaj sa-a se jounalis Vanessa Legere ak Round Earth Media ki pote li pou ou ansanm ak konkou SAKS.


5. Kote m' ka antrene?

Harold Isaac

Koze sant mizanfòm fizik, espas eksteryè pou moun fè spò, pa yon bagay ki vinn nan lespri moun an Ayiti toudenkou… Men, fanatik fitness an Ayiti yo, chache epi jwenn wout yo chak jou ki jou nan lòbèy kapital la, Pòtoprens, pou pratike epi antrene tout kote yo kapab nan vil la ak ozalantou. Yon nouvo espas piblik pou aktivite fizik gen apèn en an depi li inogire nan kè Delmas, yon katye ki ap grandi ak tout boulinn nan zòn metwopolitèn kapital la, Pòtoprens… Men eske sa ap ase? Eske se yon solisyon vyab pou koze pwoblème rekreyasyon an Ayiti.


6. Ibanizasyon

Vladimir Ridore

Synopsis in Creole